Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezu. Li tonbe ajenou devan li, li mande l sekou. Li di l konsa: — Si ou vle, ou kapab geri mwen. Kè Jezu fè l mal, li lonje men l, li manyen nonm lan, li di li: — Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite l, li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Lalèp vini nan tout fòm. Nenpòt bagay moun rayi nan nou, se lalèp nou sa ye. Lalèp ki swiv moun ki poko sove yo, tout kote yo pase, se konfyans yo pa mete nan Jezu. Di menmjan nonm sa te di Jezu: Si ou vle, ou kapab geri mwen.
Si ou mande-Li sa ak tout kè ou, ou deja geri. Gerizon Jezu ba ou se pa pou kounyea sèlman, men se pout toutan. Kò ou kapab malad kounye-a rive pou li tounnen nan tè, men nanm-ou geri pou toutan jan Jezu vle li-a. Amèn